Le Blog de l’association AMITI

août 29, 2009

ASOSYASYON MILITAN K AP DEFANN DWA MOUN NAN PEYI LAFRANS (AMITI)

Filed under: 1,CANADA,FRANCE,HAITI,MONDE,REP. DOMINICAINE — Bidry Dorsainvil @ 5:54

AMITI, Asosyasyon miltan k ap defann dwa moun nan peyi Lafrans,  ki genyen branch li nan plizyè lòt peyi, tankou nan peyi  etazini, kanada, dominikani, Ayiti ak sit entènèt li, ki se:www..amiti-droitshumains.fr , manb rezo edikasyon san fwontyè ap sonnen kòn lanbi mobilizasyon an pou denonse gouvènman konze Preval/ Michèl Divivye Pyè Lwi a, ki pa sispann travay pou fi n antere rèv mas defavorize, malere ak malerèz,  nan bloke piblikasyon ou byen aplikasyon lwa sosyal anfavè mas yo, nan aplike politik patwon endistriyèl yo ak patwon peyi sousèt yo. Pouvwa kòwonpi ayisyen an ap antere mas yo  san yo ponkò fin trepase.

 

AMITI, ki se yon asosyasyon entènasyonal responsab nan defann dwa moun, sitou konpatriyòt ayisyen nou yo, san fwontyè, san konpwomi, ap denonse angajman gouvènman  kòwonpi Preval la, ak gouvènman otoritè peyi lafrans ki gen nan tèt li prezidan Sakozi ak premye minis  Fiyon ki  kontinye pèsekite imigre ayisyen,  kididonk moun vini k ap travay nan peyi lafrans.

Jounen jodi a,  gouvènman kòwonpi Preval- Divivye Pyè Lwi a sou wout  pou l siyen yon akò lawont ki deja fè anpil viktim fas ak sitwayen plizyè peyi afriken, ak nan mitan konpatriyòt ayisyen nou yo tankou: Ismik Zamò ki genyen 9 rekòt kafe denpi l ap vin nan peyi lafrans, li soufri maladi sik, kidonk li se yon dyabetik. Se pandan menm li entène lopital otorite nan peyi lafrans konvoke l nan laprefèkti pou l bay papye kòmkwa li legal nan peyi a. Lapolis fouke l, depòte l nan 24 trèdtan ak menm rad kit e sou li, tankou yon kriminèl. Zak sa, se  vyolasyon atik L.313-11 7° kòd sejou etranje  ak dwa azil, ki pwoteje etranje ki malad grav. Atik sa oblije leta peyi lafrans delivre bay malad sa yon kat sejou pou l viv enpi rete nan peyi lafrans san kè sote pou l rapousuiv trètman medikal li.

Lòt ka AMITI denonse ankò, se ka mouche Lapoint, yon ayisyen, papa pitit ki déjà pase 8 lanne nan peyi  lafrans. Otorite san fwa ni lwa arete l, depòte l, san yo pa menm bay li dwa pale enpi di orevwa ak fanmiy li. Zak sa, se vyolasyon atik 3, nan  konvansyon New York ki pwoteje enterè siperyè ti moun, kote ti moun lan bezwen toulede paran l, pou l gen plis epanouyisman;

 

Ti Djèf, elèv ayisyen ki genyen 5 rekòt kafe sou tèt li, t ap viv nan gwadloup antiy fransè ak manman l. Yo arête l nan peyi gwadloup, yo depòte san manman l. Bravo  peyi lafrans, ki chanpyon nan bay moun leson dwa moun.

 

 

Politik pèsekisyon Ayisyen nan peyi Lafrans ak nan zile antiy yo, se pa sèl zak malonèt Preval ak Michèl Divivye Pyè Lwi komèt. Konze sayo fonse tèt bese nan negosyasyon k ap fèt ak peyi Lafrans pou depòte tout Ayisyen k ap viv  swadizan « ilegalman » san papye  nan peyi lafrans, enpi voye yo jete tankou vye fatra moun pa bezwen.

Se yon seri brav travayè ki fi n bay tout kouraj yo, nan fè yon seri travay imilyan blan franse refize fè.

Nou dwe konnen se yon plan pou bay peyi lafrans dwa pou l ekspilse konpatriyot nou yo k ap viv nan peyi lafrans denpi lontan pou laplipa nan yo plis pase 10-20 lanen, y ap travay, enpi kotize, bay kòb taks, kontribisyon  nan kès leta fransè. Lè moman an rive pou yo touche  retrèt, pansyon yo, leta franse vle fè kwè se etranje ki response chomaj, enpi rekonpans yo se ekspilsyon.

 

Akò lawont Preval deside siyen an peyi lafrans lan genyen 3 gran pwen, kise:

1-   Miigrasyon legal, lit kont migrasyon ilegal ( ekspilse moun ki pa gen papye), ak swadizan develòpman men nan men ak peyi dayiti, pandan yo di y ap ankouraje konpatriyò ayisyen yo retounen lakay yo, pandan leta franse deside ofri depot yon ti grabday.

2-   Gran pèdan nan sans sa, premye viktim se migran yo, fanmiy yo, madanm pitit ak mari, zanmi yo ak peyi Dayiti.

Veritab gayan se leta fransè, ak raketè nan gouvènman ayisyen ki resevwa koutay. Lè yo  depòte yon konpatriyòt ayisyen, kòman l pral viv nan peyi dayiti? Èske leta Ayisyen dispoze estrikti pou akonpaye yo? Èske Leta Ayisyen pral deside negosye anfavè sa leta franse dwe moun sa yo?

Si gouvènman konze Preval-Divivye Pyè Lwi a siyen akò sa se:

 

–      Kat blanch li bay pouvwa fransè a pou l pèsekite enpi imilye konpatriyòt nou yo legalman

–      Se move trètman konpatriyòt nou yo pral sibi pi plis toujou, san yo pa rèspèkte dwa yo ak diyite yo enpi yo p ap bezwen okenn otorizasyon konsil ak lajistis pou depòte yo

–      Migran yo pral twomatize, yo pral viv nan ensekirite lwen fanmiy yo pitit yo ak madanm  ou byen mari yo ak byen yo ki chouke nan peyi lafrans san yo pa genyen okenn resous ekonomik ni ankadreman leta Ayisyen anba grangou kloròks ak asid batri k ap tann yo;

 

Akò lawont sa   pèmèt 2 peyi yo vyole  dwa sivil ak politik sitwayen yo ki garanti ak konvansyon entènasyonal.

 

AMITI mande pou tout ayisyen nan peyi Dayiti, tankou sila yo ki nan dyaspora, pou yo mobilize, poze aksyon solid pou fè tande vwa nou kont konplo sa sou migran Ayisyen nan peyi lafrans.

Militan AMITI mande Preval pou l resezi l imedyatman, enpi pou l kanpe sou akò sa ki se yon konplo, sosis  k ap mare sou do konpatriyòt nou yo k ap viv nan peyi lafrans Granmèsi chen se kout baton. Bat chen, an tann mèt li.

 

 Tout pitit Papa Desalin, tout nèg ki genyen fyète, fanm ak gason ki deside fè preparasyon pou lòt jenerasyon rive jwenn yon lavi miyo, nou dwe leve kanpe pou n  oblije gouvènman 2 peyi yo fè bak sou plan makyavelik sa, enpi rèspèkte dwa ak diyite tout Ayisyen kèlkeswa kote yo twouve yo.

Pèp ayisyen, desten w se nan men w li ye.Konze  yo gen pou yo disparèt. Listwa gen pou jije yo…

 

27 dawou 2009

 

Pou AMITI

 

DORSAINVI Bidry

Jiris/defansè dwa moun

Prezidan

Propulsé par WordPress.com.